( 4,5 to satisfaksyon) pri meyè oratè
Ekriti se pasyon mwen , Hayti se vwa ki enspire tèks mwen yo.
An palan
An Palan de mwen
“Mwen se Plume Mots, yon ekriven pasyone ki itilize mo pou rakonte reyalite Ayiti. Chak tèks mwen ekri se yon refleksyon sou lavi, espwa, ak defi pèp mwen an. Antre nan monn mo mwen yo epi dekouvri istwa ki touche nanm ou.”
Poukisa ou dwe koute m ?
Pwa san ou pou w li ki prensipal rezon ki fè ou dwe koite nou.
Bèl souvni yo
Istwa yo ap fè ou tounen timoun ankò, ak jwèt, blag, ak souvni ki fè kè w kontan. Se tankou yon ti vwayaj gratis nan tan lontan, ki fè w ri san ou pa menm rann ou kont. Chak epizòd se yon ti “flashback” ki pote lajwa nan kè chak moun .
Istwa pa w
Tout moun gen yon souvni lekòl, yon zanmi fou, oswa yon ti sekrè timoun. Ou pa ka pa ri ni pa di “sa te rive m tou !”. Se yon espas kote ou santi ou fè pati yon kominote a. Se tankou mwen rakonta pwop istwa indirèkteman !
Pale de kilti w
Lavi nou, fason nou te grandi, ti abitid lakay… se istwa ki fè nou nou menm. Yo raple nou pa janm bliye ti bagay ki gen valè e ki mare nou ak rasin nou. Se fason nou mete tradisyon yo vivan nan memwa chak grenn moun.
Enspirasyon
Apre w fin koute, ou menm ap gen anvi pataje pwòp ti souvni w ak zanmi oswa fanmi. Sa se pi bèl fason pou kenbe memwa yo vivan, ansanm ak moun ou renmen yo. Li pouse ou kreye plis koneksyon reyèl ak lòt moun.
Kèk mak ke mwen travay ak yo





Istwa ki plis koute pou wsemèn nan.
Nou rive seleksyone istwa ki plis koute yo pou ou ,li pi fasil kounya pou tande podkas prefere ou anh .
kolabore ak mwen
Ou vle bay vwa ou plis enpak? Ann travay ansanm! Mwen ouvè pou kolaborasyon ak biznis, òganizasyon, ak moun ki vle mete mo yo an mouvman. Kit se pou patenarya, piblisite, oswa lòt pwojè kreyatif, ann konekte epi kreye ansanm.”
Koute yon istwa chak jou
Chak epizòd se yon vwayaj nan reyalite ak emosyon. Pa rate bèl istwa k ap tann ou – koute podkàs la kounye a
Jis li temwanyaj kèk nan oditè nou yo
Tèks ki anba yo se reyaksyon oditè nou yo pou yo montre m nan ki nivo podkas lan chanje lavi yo
Leo Daniel j
Lè m ap koute podkas sa, se tankou m tounen nan lakou lekòl la. Chak epizòd fè m sonje zanmi m yo. Se bèl vibe!
Daniela Osiris
Mwen te panse se ti istwa nòmal sèlman, men chak fwa m koute, mwen jwenn yon bagay ki touche m. Mwen vin plis kontan.
Osnel Kernet
Sa m renmen pi plis, se fason istwa yo senp men yo pote anpil emosyon. Mwen menm te kòmanse rakonte souvni pa m bay fanmi m.